Libere Ayiti pa yon pati politik.
Libere Ayiti se yon platfòm ki kreye nan objektif pou ede tout ayisyen konprann poukisa peyi Ayiti pòv, alòske li rich ak resous natirèl. Problèm kòriptsyon lokoz yon pakèt jenn gason ak jenn fanm konpetan pati nan peyi etranje, alòske ou gen yon seri de nèg ki nan kòripsyon, ki nan dròg, ki nan kidnaping ki reprezante pèp la nan palè nasyonal, nan palman an, nan diplomasi elatriye.
Libere Ayiti se yon platfòm ki prezante ayiti janl ye a, sa vle di nou montre opòtinite peyi a genyen ak obstak ki anpeche nou eksplwate yo. Plafòm sa a disponib pou tout moun ki vle denonse deriv ki genyen nan peyi a (dilè dròg, kòriptè, gang, eksplwatè) osinon liste kèk resous (Min, Envantè, Jeni, Ewo).
Libere Ayiti vle yon referans ki dispoze bank done sou resous natirèl (Gaz natirèl, petròl, Lò, lajan, Kwiv, Boksit, Kanonat kalsyòm, Mab, kalkè, souf) ki egzisite nan peyi a, ak tout sit touristik nou yo. Nou pap neglije pibliye lis non moun ki patisipe nan kòripsyon, kriminalite, kidnaping elatriye. Nou vle mete done pou fasilite pèp la chwazi moun ki gen moralite pou dirijel.
Youn nan pi gro objetif nou genyen se rive mete kanpe yon elit entèlektyèl ki ka enfliyanse politik peyi a kèlkeswa kote li ye. Daprè statistik ki disponib, genyen anviron 2 a 3.5 milyon Ayisyen kap viv nan dyaspora a. nou panse Ayisyen sa yo dwe gen dwa pou yo vote. Siw ta renmen fè pati elit peyi a klike la...
Kijan ou kapap kontribye nan Libere Ayiti?
Siw se yon moun ki renmen liswa, ou kapab aplike pou ou vin yon kontribitè. Wap kapab poste atik san ou pa bezwen gen konesans sou kreyasyon paj entènèt. Siw gen enfòmasyon sou moun ki patisipe nan kòripsyon osninon move zak, ou papab kontakte nou. Siw gen konpetans ak kalifikasyon pou fè pati de elit entèteltyèl peyi a, ou kapap aplike. Siw se yon profesyonèl osinon yon jeni ki reyalize kèk bagay enpòtan ke anpil moun pa gen chans reyalize, ou kapap kreye yon profil pou ekspoze zèv ou yo. Nap priyorize aksyon ki gen rapò ak lasyans. Ou ka jwenn plis detay sou sijè nou ekpoze yo nan meni an.
Siw gen yon chèn YouTube, platfòm sa ap pèmèt ou enbrike videyo ou yo pou tout asisyen kapap wè yo. Videyo sa yo swe sou sijè nou trete yo. Pou plis enfo ou ka kontakte nou pa emèl.
Nou kreye yon aplikasyon Sondaj ak vòt pou propozisyon yon fason pou pèmèt tout moun patisipe nan devlòpman peyi a sans fòs kote.
Tematik Nou Yo
Nou ekri atik sou anpil domèn, men nou gen kek gran tematik ke nou elabore plis sou yo.
Tematik ki pi enpòtan
Nou trete lòt sijè men nou priyorize sila yo